FB_IMG_1445897086997

Mwen renmen kreyol tankou manmanm ki fèm. Sa vle di, pa mandem kijan ni koman. Sèl sam konnen, li mèt bèl ou lèd, ak defo ou andikape, li se manmanm mwen renmenl.

M sonje leu mwen tap aprann pale franse, yo t komanse fem li lèt A, ti madanm tèt mare lè map aprann ekri…elatriye. Men m pa sonje yo te montrem pale kreyol. Yon jou, mwen menm, ti frèm ak ti sèm, nou jwenn yon liv ki ekri an kreyol nan bifèt liv papa nou, m pa sonje non li, men se te yon liv ki pale sou lasante. Nou lil ansanm. Nou te bien sezi, nou di epa nou konn li kreyol? Se te yon pakèt zafè pou nou!

E poutan, sak rive a montre ke kreyol, se nanm nou. Se pa yon bagay yo met nan nou, Kreyol se nou, nou fet konsa.

Sam sonje tou,lakay mwen, papam t defann nou pale kreyol. Profesè lekol li te ye a, pat dako pitit li yo pale kreyol. Fraz la te en franse konsa:  » Le créole est interdit dans cette maison! »

Manmanm te konn edel, kidonk, m pat ka di mo sa yo: Lanmè: La mer; Madanm: Madame; ak anpil lot anko, menm si se ta kreyol map pale. Se maledve.

Lekol la, pat bay chans tou. Franse pou nou pale, menm sou lakou rekreasyon. San sa, baton, pinisyon.

Se pa sèl mwen ki te viv sitiyasyon sa non, pa vre?

Jodia, 28 oktob la, m sentim kontan jan nan rezo mwen, m wè tout moun ap rejwi, voye pwovèb ak bèl ti mo kreyol tanzantan.

M kontan paske ke m wè tout efo yo met deyo pou yo fe nou rayi sa nou ye li pa mache. Nou kembe la. Nou pa bliye sa nou ye.

M li tou kek zanmi ki pa kontan ditou. Se yo menm ki fem anvi rakonte nou listwa sa. Zanmi sa yo di, se ipokrizi. Ke se jodia nou gen foli pale kreyol. Ke se fe wè, se makak.

Lèm reflechi, m pa dako avek yo. Poukisa?

Yo pa prete nou kreyol, se nou ki fe kreyol. Se lang ak manyè liberasyon nou. Se afè pa nou. Pèson pa ka retirel nan nou si se pa nou menm menm.

Nou pa gen poun bay rezon ak rapo, sou lè nou pale kreyol. Nou deja kreyol la, se konsa nou viv. Poutan sistèm ledikasyon nou, goumen anpil poul te pati kite nou. Li rete tankou yon tach. Se amprent nou.

Lè kreyol mele, se kreyol ki demelel.

M sonje lèm nan inivesite,m t konn gen anpil problem ak kanmarad mwen yo. Depi se travay en gwoup, m pa janm menm kote ak res gwoup la, ki chwazi lang kreyol lè mwen, m vle prezante nan lang franse. Zanmim sa yo te konn dim dwol. Nan tèt yo se paske mwen rayi kreyol, ki pat janm vre.

Men sa nou tap aprann nan se te an franse yo bay li, liv yo en franse, enfomasyon ki sou entenet la yo en franse, peyi nou vle pati al ogmante konesans yo pa konn kreyol.

Kisa nou fè pou kreyol apre pale?

Pi gro pwoblèm nou, se met kreyol en fas franse. Pouki rezon? Sim renmen franse, sa pa vle di m rayi kreyol. Janm redi poum kembe règ gramè, fe devwa, etidye vokabilè poum aprann pale franse?

M pa fet ak franse, men li nan mwen tou. Franse se idantitem, paske li reprezante efo mwen fe poum te akseptel. Se franse ki metem kotem ye a, se lang ki fem pa yon analfabèt, se lang yo montrem li depim ti katkat, se lang konesans ki nan tèt mwen. Franse se byen mwen, piske li se yon eritaj ke mwen aksepte.

Jodia nou selebre kreyol, se bèl. Men pa bliye, kreyol se riches nou. Danny Laferrière, yon moun mwen renmen anpil kom ekriven di sa: « Riches nou pa petwol, ni lot gwo sous yo, se kilti nou. »

Si nou sispann akize franse, a la gro bagay nou ka rive fe ak kreyol nou an! Nou pedi plis tan, nou pedi twop tan nan fe batay kreyol / franse!

Sonje, Kreyol se pa selman yon lang. Se yon fason moun viv tou. Ann voye kreyol monte nan jan nou kapab!

Viv lang ak bèl kilti kreyol!

Publicités